Skip to product information
1 of 2

Editions du Marais

KADDISH POU YOUN AYISYEN, NATANIA ETIENNE Tradiksyon : Raymond Alcide Joseph

KADDISH POU YOUN AYISYEN, NATANIA ETIENNE Tradiksyon : Raymond Alcide Joseph

Regular price 55.00 NIS
Regular price Sale price 55.00 NIS
Sale Sold out


Éditions Du Marais
Mwen pran nan bonjan pèlen. Vwala ke m se pitit fi youn Raben, youn prèt juif, epi men m al tonbe damou nan tout mwèl mwen pou youn jennonm ke jèn fi laj mwen pa t ap gen lodas prezante bay paran yo. (Youn pawòl ki parèt nan 'Étoile du Nord 'nan "Anthologie des Sepharades du Québec.)
Diran tout lavi byen long nou te fè ansanm, malgre tout klas anpechman nou te jwenn, Gérard Étienne avè m, nou reyisi kanmenm, akòz lanmou san parèy ki te soude nou younn ak lòt, ki te penmèt nou travèse tout klas fwontyè, epi n te kontinye viv tankou Juif ak Ayisyen san pwoblèm. Se sa ki nan Kaddish pou youn Ayisyen, youn priyè pou li, ki pase pran 1 nan dènye ti souf li, ki rakonte kijan msye te batay san rete pou lajistis etabli, ki te kontinye ak youn tradisyon ki gen mil e mil ane depi se mounn bon kè ki gen sa nan venn yo, 7 jou la semèn, 30 jou pa mwa. Se konsa lavi ye menm.
Natania Étienne, ki te pote non Feuerverker lè l te fèt, te
grandi nan zòn Place des Vosges' (nan peyi Lafrans). Lè l te emigre, kite lòtbò a, 1 al Kanada, li rankontre Gérard Étienne nan Montreal, youn ekriven ayisyen ann egzil. Apre youn bann peripesi, pasi pala, yo reyisi kanmenm. Sa pa t fasil, men yo t arive rankontre de mounn byen, ki pa t nan vye mès, prejije koulè sitou, ki te alamòd lè sa a. Soti nan 14, Place des Voges, ale Montréal, pase Jérusalem, Matane, Beauhanois, Moncton, Port-au-Prince, Cap-Haïtien, li te temwen, sétadi li te wè ak 2 grenn je l, tout boulvèsman ki gen toupatou nan lemonn, ki fasonnen jan l viv. Jodi a, se apati de Bat Yam (nan peyi Israël) li sonje tou sa.
Tradiksyon/Adaptasyon liv sa a an Kreyòl se travay Raymond Alcide Joseph, fondatè jounal 'Haïti-Observateur nan New York, ak frè 1 Léo. Se ansyen anbasadè Ayiti Ozetazini ak biwo nan Washington, D.C.
ISBN 978-2-923721-84-2
Éditions
du Marais
www.editionsdumarais.store
9 782923 721842

View full details